Fantom - Lèzòm Fòkè [tekst, tłumaczenie i interpretacja piosenki]

Wykonawca: Fantom
Album: SOLUTE Vol.1
Data wydania: 2013-04-02
Gatunek: Rap
Producent: Fantom

Twórz Groove z nami!
Wyślij okładkę tej piosenki!
Wysyłany plik musi być typu: png lub jpg. Żaden plik nie został wysłany. Dziękujemy za wysłanie okładki.

Tekst piosenki

[Verse1: Fantom]

Ou pa renmen l vre
Lesten…
An! Dim konbyen moun kounye’a ou konnen kap bay vi l’ pou yon lòt
E konbyen moun kap aksete soufri grangou pou yon lòt
Konbyen Ayisyen k’ pa vle pati, k’ vle ret patriyòt
E di konbyen nèg ki gen madanm ki pa janm ba li matlòt
M’ vle ou dim, dim si lèzòm pa fòkè
Aprè 12 Janvye si Ayisyen t’ap viv an frè
Yon moman kè yo anfle, yo vle touye pròch la
Si ou konnen ou pa peche voye premye ròch la

Si viv pou ou se manje diri ak pwa
Dòmi vant plen leve demen san ou pa gen espwa
An! Ou paka vle pou prochen’w lan viv konsa
Pandye de men l’ bò lari a ap mande moun dola
Ou bay moun responsab sòw
Pandan se ou’k mèt desten’w
Repoze espwa’w sou moun paske’w pa kwè nan demen’w
Depi’w razè se premye obstak ke ou kwaze sou chimen’w
Di pouka bliye problèm solisyon an se fimen’w
Prosede pa ouvè kò ankò
Yo fè rezon pòv tounen tò
Goumen pa alamòd
Se katouch ki fè’w wè koulè blòd
Jèn fanm pa bay tan pou koze
Se Spageti ak ji
Paske mizè a ap ogmante
Lavi a vin pi di
Jèn gason k’ pa gen pasyans nan kidnaping genyen k’ fronte
Boss la pou l’ ta ba’w yon djòb fòk se moun pa l’ oubyen l’ fronte ‘w
Kolè Bondye pa fè n pè, èske’n pa trouve’n fòkè
N’atake menm la nati paske’n panse’n se mèt latè

Kè[...]

Kilè nap sispann jwe ak defye pouvwa Bondye
Nou bliye ke se li’k te jere’n
Nou bliye ke se li’k jere’n
Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè
Yo di yo se Bondye…Kad’jan lèzòm fòkè, lèzòm fòkè

[Verse 2: Fantom]
Gen peyi k’la pou lagè
Gen peyi k’ la pou la pè
Gen prezidan ki vle ede
Genyen tou ki eksplwate
Konba pou zam nikleyè
Petròl pou kontrol latè
Toupizi sak’ pi piti gad’kijan lèzòm fòkè
Tout kote ka anrichi yo, yo met anpriz sou li
Kreye troub nan lòt peyi yo pou fè kwè yo se Jezi
Menm konnen gon dènye jou lè sa yo tout ap sezi
Kite lèzòm ouvè kò yo Bondye se dènye mezi
Lèzòm fè sal vle, jan l vle, lè l vle, kote l vle
Di sa l vle, gen dwa sa l vle, pran pròz save, yo se san zave
Yo tèlman fou, yo fè lajan tounen Bondye
Kite yo an! M’ konnen gen yon jijman dènye

Kou nan do yo toujou bay
Nèg fè nèg tounen kobay
Yo menm trible pwòp lonbray yo
Yo met divizyon anndan kay yo
Vann nanm kay Djab pou gen kòb
Moun ki kalifye …yo pa bay djòb
Kou pitit, papa pa gen lòd
Rich pa pran pa avè pòv

Frè ap vyole sè
Polis kou bandi jwe wòl toutè
Kounye a ti rouj se kidnapè
Ti nèg nwè rejwenn respè
Legliz vin tounen biznis
Pastè ap travay pou l’ rich
Ougan tounen gro blofè
Frijidè vin pran plas tout krich
Depi lontan nap vyole lwa
Nou te touye Jezi Kri
M’ konnen n’ap vle klourem sou kwa
Sa pap anpeche di plis
Dim kilè nap konprann ke se nou ki lokoz tout kriz
M’ konn parwòl mwen, pral fè tout sa’k pa dwat yo friz

Kè[...]
Kilè nap sispann jwe ak defye pouvwa Bondye
Nou bliye ke se li’k te jere’n
Nou bliye ke se li’k jere’n
Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè
Yo di yo se Bondye…Kad’jan lèzòm fòkè, lèzòm fòkè
……..
[Verse 3: Fantom]
Yeah! Ou menm kap tande mizik sa, m’ vle ou poze tèt ou kesyon si ou pa janm fè ankenn bagay fòkè nan vi w. Mwen menm m’ fè anpil. Nèg pa vle wè nèg. Nèg pa vle wè byen pou nèg. Nèg pa vle wè nèg avanse. Li pap fè yon pa ou pa dwe fè yon pa tou. Ou dwe ret la menm kote avè l. Ap rive yon epòk pandanw’ap fè manje lakay ou se an kachèt w’ap oblije fè l paske vwazinaj la ka vin pran l’ osinon l’ vin pran ou, l’ap pouse grif….lèzòm fòkè, epi m’ale... lèzòm fòkè

Tłumaczenie piosenki

Nikt nie dodał jeszcze tłumaczenia do tej piosenki. Bądź pierwszy!
Jeśli znasz język na tyle, aby móc swobodnie przetłumaczyć ten tekst, zrób to i dołóż swoją cegiełkę do opisu tej piosenki. Po sprawdzeniu tłumaczenia przez naszych redaktorów, dodamy je jako oficjalne tłumaczenie utworu!

+ Dodaj tłumaczenie

Wyślij Niestety coś poszło nie tak, spróbuj później. Treść tłumaczenia musi być wypełniona.
Dziękujemy za wysłanie tłumaczenia.
Nasi najlepsi redaktorzy przejrzą jego treść, gdy tylko będzie to możliwe. Status swojego tłumaczenia możesz obserwować na stronie swojego profilu.

Interpretacja piosenki

Dziękujemy za wysłanie interpretacji
Nasi najlepsi redaktorzy przejrzą jej treść, gdy tylko będzie to możliwe.
Status swojej interpretacji możesz obserwować na stronie swojego profilu.
Dodaj interpretację
Jeśli wiesz o czym śpiewa wykonawca, potrafisz czytać "między wierszami" i znasz historię tego utworu, możesz dodać interpretację tekstu. Po sprawdzeniu przez naszych redaktorów, dodamy ją jako oficjalną interpretację utworu!

Wyślij Niestety coś poszło nie tak, spróbuj później. Treść interpretacji musi być wypełniona.

Lub dodaj całkowicie nową interpretację - dodaj interpretację
Wyślij Niestety coś poszło nie tak, spróbuj później. Treść poprawki musi być wypełniona. Dziękujemy za wysłanie poprawki.
Najpopularniejsze od Fantom
Lèzòm Fòkè
552
{{ like_int }}
Lèzòm Fòkè
Fantom
Komentarze
Utwory na albumie SOLUTE Vol.1
Polecane przez Groove
Fortnight
1,8k
{{ like_int }}
Fortnight
Taylor Swift
Chyba że z Tobą
1,3k
{{ like_int }}
Chyba że z Tobą
MODELKI
HILL BOMB
645
{{ like_int }}
HILL BOMB
Guzior
​i like the way you kiss me
10,9k
{{ like_int }}
​i like the way you kiss me
Artemas
Nadziei Słowa
465
{{ like_int }}
Nadziei Słowa
KęKę (PL)
Popularne teksty
Siedem
51,9k
{{ like_int }}
Siedem
Team X
34+35
42,8k
{{ like_int }}
Love Not War (The Tampa Beat)
25,6k
{{ like_int }}
Love Not War (The Tampa Beat)
Jason Derulo
SEKSOHOLIK
163,8k
{{ like_int }}
SEKSOHOLIK
Żabson
Snowman
74,8k
{{ like_int }}
Snowman
Sia